top of page
Logo Egzesis Lakay (350 x 250 px).png
Stanley Octavius.jpeg

Egzèsis  Lakay

Egzèsis Lakay kreye ak yon misyon senp:


Ede w fè egzèsis lakay ou, bouje pi byen, pou kenbe kò w an sante.

Nou konprann anpil moun nan kominote Ayisyen an ap viv chak jou ak doulè nan do, jenou, zepòl, oswa nan pye. Anpil fwa, nou pa toujou gen aksè fasil ak swen fizyoterapi, pwogram egzèsis ki byen òganize, oswa bon jan enfòmasyon sou sante nan pwòp lang nou. Se pou rezon sa a Egzèsis Lakay egziste.

Sou platfòm sa a, Stanley Octavius, DPT, ATC, yon Wellness Coach e lisansye an fizyoterapi, pataje konsèy sou egzèsis ki pratik epi fasil pou swiv, pou ede w soulaje doulè, bouje pi byen, epi kenbe kò w an sante.

Kontni nou yo konsantre sou:

✔ Soulaje doulè nan do, jenou, zepòl, ak pye
✔ Edikasyon sou egzèsis ak wellness coaching
✔ Ankouraje byennèt alontèm ak endepandans
Sante se Richès

Nou kwè egzèsis se yon fòm medikaman ki dwe aksesib ak tout moun.

Group Fitness Class

Atravè videyo YouTube nou yo, liv egzesis ak pwogram edikatif nou yo, ansanm n'ap bati yon mouvman ki ankouraje kominote nou an pran kontwòl sante yo avèk konesans, disiplin, ak lafwa.

Pran Kontrol Sante'w Jodi a Menm!

bottom of page