Do Bosi: Egzèsis Pou Redrese Do'w
Stanley Octavius, DPT, ATC

Do bosi se yon pwoblèm posti ki afekte anpil moun jodi a, sitou moun ki pase anpil tan chita devan òdinatè, ap etidye, oswa ap gade telefòn yo.
Lè tèt ak epòl ou toujou panche devan, sa ka fè do'w a vin pi awondi apre anpil tan. Kondisyon sa a kapab koz doulè nan kou, epòl, nan do, limite mouvman'w, epi fè li pi difisil pou kenbe yon bon posti.
Kondisyon do bosi a se yon pwoblèm ki ka amelyore ak egzèsis ki ede'w korije aliyman kò a, ranfòse misk ki fèb, detire misk ki sere yo, pou ede'w kanpe pi dwat.
Nan atik sa a, w'ap dekouvri 5 egzèsis senp ou ka fè lakay ou pou ede redrese do'w epi amelyore posti'w.
Ou kapab tcheke videyo anba a pou ka gade kijan pou fè egzèsis yo.
Nan videyo sa a, mwen montre'w 5 egzèsis senp ou ka fè lakay ou pou ede amelyore posti'w, ranfòse misk ki fèb yo, epi ede'w kanpe pi dwat.

🎥 Gade videyo a la: https://www.youtube.com/watch?v=3GeLWY0wuXg
Ki Sa Ki Ka Koz Yon Moun Vin Gen Do Bosi?
Youn nan pi gwo koz yo se move posti pandan yon bon bout tan. Lè'w pase anpil èdtan:
Chita devan òdinatè san bon sipò
Fè anpil nan ap travay nan yon poziyon ak tèt ou bese
Gade telefòn ou ak tèt ou bese pandan anpil tan
Etidye oswa li liv pandan'w panche devan
Pa fè ase aktivite fizik
Ak kondisyon sa a, misk ki devan pwatrin yo vin sere, tandiske misk ki dèyè do ak anba kou a vin fèb. San anpil moun pa menm atann, se gade yo gade epi yo remake ke tèt yo vin pouse pi devan, epòl yo woule an avan, epi do yo vin pi won. Rechèch montre ke egzèsis ki konbine mounman pou detire misk devan pwatrin nan ki sere epi ranfòse sa ki fèb yo ka ede'w amelyore posti'w.
Egzèsis Pou Ede Redrese Do Bosi
1. Chin Tuck
Chita oswa kanpe ak do'w dwat.
Gade dwat devan.
Rale manton'w dousman dèyè
Pa bese ni leve tèt ou pandan mouvman an.
Kenbe pozisyon an pandan 3–5 segond, epi retounen dousman.
Fè: 10–15 repetisyon, 2–3 fwa
2. Doorway Stretch
Kanpe devan yon pòt.
Mete men'w nan de pan pòt la .
Fè yon ti pa devan epi panche kò'w dousman an avan.
Ou ta dwe santi pwatrin ou ap detire.
Kenbe: 30-45 segond pou 2-3 fwa.
3. Horizontal Shoulder Abduction
Ititize yon lastik egzèsis.
Leve bra'w devan'w nan nivo epòl ou.
Louvri bra yo sou kote pandan w'ap rale omoplat yo ansanm.
Fè: 10–15 repetisyon, 2–3 fwa
4. Row
Kenbe yon band lastik.
Rale koud bra'w yo dèyè.
Peze omoplat yo ansanm pandan mouvman an.
Fè: 10–15 repetisyon, 2–3 fwa
5. Bilateral Shoulder External Rotation
Kenbe yon band elastik nan toude men.
Pliye koud bra'w yo a 90 degre epi kenbe yo kole sou kote kò a.
Woule avanbra yo deyò pandan koud yo rete kole sou kò a.
Peze omoplat yo ansanm nan fen mouvman an.
Retounen dousman nan pozisyon kòmansman an.
Fè: 10–12 repetisyon, 2–3 fwa
Lòt Konsèy Pou Amelyore Posti Ou
Anplis de egzèsis sa yo, eseye fè lòt chanjman tankou:
Mete ekran òdinatè'w nan nivo je'w.
Pa rete chita twòp tan san leve.
Leve epi deplase chak 30–60 minit.
Kenbe telefòn ou pi pre nivo je'w olye'w bese tèt ou.
Fè egzèsis sa yo regilyèman pou jwenn pi bon rezilta.
Do Bosi Ak Doulè Nan Epòl
Si ou santi doulè nan epòl, pa rate lòt videyo sa a kote mwen montre egzèsis ki ka ede amelyore mouvman nan epòl la epi diminye doulè a.

▶️Gade videyo a isit la:https://www.youtube.com/watch?v=SU-E_B4VklE&t=8s
Vizite Chèn Egzèsis Lakay La Pou Plis Egzèsis
Sou chèn Egzèsis Lakay, w'ap jwenn anpil lòt videyo sou:
Doulè nan do
Doulè nan epòl
Doulè jenou
Egzèsis pou debitan
Egzèsis pou granmoun
Konsèy pou rete an sante lakay ou
Pa bliye abòne ak chèn youtube lan Egzèsis Lakay pou'w pa rate nouvo videyo yo.

Comments