Stanley Octavius, DPT, ATC Doulè Nan Do oubyen Do Fèmal. Yon Pwoblèm Ki Touche Tout Moun Doulè nan do oubyen do fèmal se youn nan pwoblèm sante ki pi komen nan lemond antye, men moun ki fè egzèsis lakay yo pa afekte menm jan . Selon rechèch, anviwon 80% moun aje soufri ak do fèmal omwen yon fwa nan lavi yo. Do fèmal se yon bagay ki ka afekte tout aktivite'w si ou pa pran sa serye. Pou anpil moun sa ka anpeche yo travay, bese, leve bagay lou oubyen mache al lwen. Nan kominote