top of page

Ou Fè Antòs? Pye w Fèmal? Fè 7 Egzèsis Sa Yo Pou Geri Pi Vit

Apr 4
4 min read

Stanley Octavius, DPT, ATC


Egzèsis pou antòs ak pye fè mal pou soulaje doulè nan cheviy


Antòs se youn nan pwoblem ki pi komen nan pye a e li ka rive nenpòt moun, kit ou se yon atlèt, yon moun k ap kouri, oswa jis yon moun ki fè yon move pa nan lari a. Si ou fè antòs, pye w ap fèmal, anfle, li ka difisil pou ou mache nòmal. Men avèk bon egzèsis reyabilitasyon pye a, ou ka geri pi vit epi retounen nan aktivite ou renmen yo san pedi tan.

Nan atik sa a, nou pral pale sou 7 egzèsis pou antòs ki senp, efikas, e ou ka fè yo lakay ou.


Pye Fèmal: Kisa Antòs Ye Epi Poukisa Tretman Pou Cheviy La Enpòtan?

Antòs rive lè ligaman nan cheviy ou yo tire oswa chire akòz yon mouvman brisk oswa move pa. Sa ka lakòz doulè nan pye, anflamasyon, ak difikilte pou mache. Antòs ka klase nan twa nivo:

  • Nivo 1 : Doulè lejè ak enflamasyon; cheviy la rekipere nòmalman nan 5 a 14 jou.

  • Nivo 2: Doulè modere ak enflamasyon; ka pran 2 a 3 semèn pou geri.

  • Nivo 3: Ligaman an chire konplètman; ka pran 3 a 12 semèn oswa plis pou geri.

Rechèch montre ke tretman terapi kapab ede anpil — Bon jan egzèsis ka diminye chans pou ou gen pwoblèm estabilite nan cheviy la apre blesi a epi redwi risk pou ou fè antòs ankò.



Pye Fèmal: Kisa Antòs Ye

Poukisa Egzèsis Reyabilitasyon Pye Enpòtan?

Anpil moun panse ke pou geri yon antòs, se sèlman repo ki nesesè. Men sa se yon erè. Egzèsis reyabilitasyon pye yo enpòtan paske yo:

  • Diminye doulè nan pye ak anflamasyon

  • Ranfòse cheviy la pou evite blesi ankò

  • Retounen mouvman nòmal nan cheviy la pi vit

  • Amelyore balans ak kontwòl pye a

Kòmanse egzèsis mouvman (range-of-motion) nan 72 premye èdtan apre blesi a, epi kontinye ak stretching, ranfose misk yo ak egzèsis balans pandan reyabilitasyon an.


7 Egzèsis Pou Antòs Pou Ede w Geri Pi Vit

1. Alfabèt (Ankle Alphabet)

Se youn nan pi bon egzèsis pou antòs pou kòmanse avèk li. Chita sou yon chèz, leve talon pye a, epi itilize dwèt pye w pou ekri chak lèt alfabèt yo. Mouvman sa a travay cheviy la nan tout direksyon epi ede rekipere mouvman nòmal la.

Kijan pou fè l: Chita, leve pye a, epi ekri alfabèt la 1 a 3 fwa.

2. Calf Stretching

Kijan pou fè l: Chita atè ak pye w devan ou. Mete yon sèvyèt anba pye a, kenbe de bout yo, epi tire dousman jiskaske ou santi yon stretching nan jarèt ou. Kenbe 30 a 60 segond, repete 2 a 3 fwa.

3. Ankle Inversion

Se yon mouvman kote ou vire sòl pye a vè anndan. Egzèsis sa a travay misk ki sou bò anndan cheviy la epi li enpòtan anpil pou reyabilitasyon apre yon antòs.

Kijan pou fè l: Chita sou yon chèz. Vire pye a dousman vè anndan. Fè sa 10 fwa, 3 repetisyon. Ou ka itilize yon band rezistans pou plis difikilte.

4. Ankle Eversion

Vire pye pa deyò. Egzèsis sa a ranfòse misk peronye yo ki sou bò deyò cheviy la, ki souvan fèb apre yon antòs epi ki enpòtan anpil pou estabilite cheviy la.

Kijan pou fè l: Chita sou yon chèz. Vire pye blese a dousman pa deyò. Fè sa 10 fwa, 3 repetisyon. Ou ka ajoute yon band rezistans pou ranfòse plis.

5. Ankle Dorsiflexion

Mouvman kote ou tire pwent pye w anlè.

Kijan pou fè l: Chita atè ak pye w devan ou. Tire pwent pye blese a anlè ou pandan ou kenbe janm nan dwat. Kenbe 5 segond, epi relaks. Repete 10 fwa, 3 seri.

6. Leve Kanpe Sou Talon (Heel Raises)

Egzèsis sa a ranfòse misk jarèt yo ak cheviy la.

Kijan pou fè l: Kanpe dèyè yon chèz pou sipò. Leve sou pwent pye w, kenbe 5 segond, epi desann dousman. Repete 10 fwa, 3 seri. Lè sa vin fasil, eseye fè l sou yon sèl pye.

7. Egzèsis Balans (Single-Leg Balance)

Lè ou ka kanpe san doulè, kòmanse egzèsis balans. Yo ede rekipere kontwòl ak stabilite cheviy la e ki esansyèl pou evite yon lòt antòs.

Kijan pou fè l: Kanpe sou pye blese a sèlman, bra ou louvri sou kote, je ou louvri. Kenbe 15 a 60 segond. Lè sa vin fasil, eseye fè l je fèmen.

Lòt Bagay Pou Konen Pou Trete Antòs

  • Mete glas sou cheviy la: Aplike glas (vlope nan yon sachè oubyen Sèvyèt) pou 15 a 20 minit plizyè fwa pa jou pou redwi enflamasyon ak doulè nan pye a.

  • Kòmanse dousman: Chak egzèsis dwe kòmanse dousman e si doulè a ogmante, ralanti oswa kanpe.

  • Kontinye menm apre w geri: Menm lè cheviy la santi l pi byen, kontinye fè egzèsis pou fos ak balans plizyè fwa pa semèn pou kenbe cheviy la fò.


Ki Lè Pou Retounen Nan Epò?

Lè ou fin rekipere mouvman ak fòs nan cheviy la, ou ka kòmanse aktivite lejè tankou mache vit ak jogging. Lè fòs cheviy blese a rive anviwon 80% fòs lòt cheviy la, ou ka kòmanse epò ki mande vire anpil ak chanje direksyon.


⚠️ Enpòtan: Kilè Pou Wè Yon Pwofesyonèl Sante?

Si doulè nan pye a grav, pye a twò anfle, oswa ou pa ka mete pwa kò w sou li ditou, konsilte yon doktè oswa yon fiziyoterapis. Yon antòs grav ka bezwen tretman spesyal pou evite pwoblèm stabilite nan cheviy la.


Pou Fini

Antòs ka parèt tankou yon ti bagay, men si ou pa pran swen li kòrèkteman, li ka mennen nan pwoblèm ki pi grav. Avèk 7 egzèsis pou antòs sa yo ki kouvri mouvman, stretching, fòs nan cheviy la, ak balans ou ka diminye doulè nan pye a, redwi enflamasyon epi retounen nan aktivite nòmal ou pi vit.

Pou wè demontrasyson konplè egzèsis sa yo, gade videyo a: Ou Fè Antòs? Pye w Fèmal? Fè 7 Egzèsis Sa Yo Pou Geri Pi Vit

Atik sa a se pou enfòmasyon jeneral sèlman. Toujou konsilte yon pwofesyonèl sante anvan ou kòmanse nenpòt pwogram egzèsis apre yon blesi.

Comments


bottom of page